Endepandans Ayiti
Endepandans Ayiti pwoklame premye janvye 1804 nan vil Gonayiv sou kòmandman Jean Jaques Dessaline ak chèf lame endijèn yo.[1]
Peryòd Espanyòl
[modifye | modifye kòd]Kristòf Kolon, te kite Espay 3 dawout 1492 ak twa karavèl (Pinta, Nina ak Santa Maria) ak 120 gason, te debake sou kòt nòdwès zile Ayiti nan dat 6 desanm nan menm ane a, apre yo fin mete pye sou yonn nan zile yo nan achipèl Bahamas yo, ke Endyen yo te rele Guanahani . Kristòf Kolon pwal chanje non zile an San Salvadò aprè sa li ta pral dekouvri Kiba tou. Kristòf Kolon te gen abitid pou l chanje non tout bagay ki sou wout li, lè li rive sou zile sendomeng lan, li rele bèl Bè Nòdwès la, Mὸl Sen Nikola an memwa sen jounen an. E se te yon fason pou l remèsye wa Katolik yo, Fedinan ak Izabela, ki te sipòte ak ankouraje l nan demach li yo.
Peryòd Fransè
[modifye | modifye kòd]Emansipasyon esklav Sendomeng, ki te nan esklavaj depi 1791, te pwoklame 29 dawout 1793 pa Komisyonè Repiblik Sontonaks la, kèk mwa anvan Konvansyon an te dekrete abolisyon jeneral esklavaj nan koloni fransè yo. Tousen Louvèti, youn nan lidè rezirèksyon an, ki te nonmen brigadye jeneral pa konvansyon an, lè sa a kòmandan an chèf koloni an nan dat 15 me 1797, te chase Britanik yo, retabli lòd, Lè sa a, te fè tèt li mèt tout koloni an. Aprè sa, li te pwoklame yon Konstitisyon (8 jiyè 1801), ki tabli otonomi Sendomeng anndan Repiblik Fransè a epi ki te nonmen li gouvènè pou lavi.[2]
Batay pou endepandans
[modifye | modifye kòd]Bonapat, aprè lapè Amiens nan, deside retabli esklavaj nan koloni Lafrans yo (lwa 20 me 1802). Li konfye bòpè li, Jeneral Leklè, yon fòs ekspedisyonè 25,000 gason, ki dwe retabli otorite Lafrans sou zile a. Ekspedisyon sa a byen vit tounen yon dezas. Fòs ekspedisyonè a tonbe anba gwo maladi. Leklè mouri, aprè Napoleyon pral fè yo arete Tousen Louvèti. Aprè arestasyon an, Jan Jak Desalin pral kontinye ak konba a, li pral arive krabinen twoup fransè yo, ki te dirije pa Rochanbo. Desalin bat lame fransè a nan Vètyè, 18 novanm 1803.[3]
Yon nan pati deklarasyon endepandans lan
[modifye | modifye kòd]"Jodi a ki se premye janvye 1804, jeneral an chèf lame endigèn, ki gen avèl jeneral yo, chèf lame, ki envite pou yo pran desizyon pou bonè peyi a."
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « Haïti, Hayti, Acte d'indépendance, 1er janvier 1804, Digithèque MJP ». Retrieved 2022-10-14.
- ↑ « 6230.- Histoire d'Haiti: Vers l'Indépendance » Haiti-Référence ». Haiti-Référence (in français). Retrieved 2022-10-14.
- ↑ « Histoire chronologique d'Haïti ». Collectif Haïti France. Archived from the original on 2022-10-14. Retrieved 2022-10-14.